Accessibility links

Breaking News

Diferans ant Fi ak Gason Nan Domèn Enfòmatik--2èm pati - 2004-03-22


Chif m’ta renmen nou sonje a: an 1987 te gen anviwon 36 pousan fi ki te nan pwograme òdinatè Ozetazini. an 2001, chif la te tonbe nan anviwon 26 pousan. Yon bès 10 pousan ki pa kite analis yo ak obsèvatè endistri a endiferan. Gen efò kap fèt tou pou mete ekilib, pou egalize teren enfòmatik la ant manm 2 sèks yo, kidonk ant fi ak gason.

Jodi a nou pral tande analiz ak kòmantè envite espesyal tankou Mary Flanigan, ki se yon pwofesè grafik nan Inivèsite Oregon. Nou rankontre tou Debbie Heisler, yon etidyan nan nivo metriz Inivèsite Maryland, opsyon Syans Enfòmatik. Li te gen anpil kontak ak computer lè li tap grandi, sa ki pa nòmal pou pifò timedam yo, tankou nou te wè l' deja.

Jane Margolis li-menm etidye ka yon seri fi pa santi yo alèz nan domèn ki konekte ak teknoloji. Madam Margolis di lè ti medam yo twouve yo nan mitan yon majorite gason nan klas yo, konpòtman seksis, prejije, ka dekouraje yo pousuiv karye nan domèn nan.

XS
SM
MD
LG