Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Touye Lidè Spirityèl Hamas la - 2004-03-22


Mond Arab la kondane asasina Sheikh Ahmed Yassin jodi a, ak yon wokèt, nan Gaza. Responsab relijye ak zotobre nan gouvènman plizyè peyi moute nan televizyon pou yo deklare se yon zak kriminèl ki pwouve ke rejim Ariel Sharon nan chwazi chimen konfwontasyon e l'ap mete apse sou klou.

Dirijan Palestinyen yo mande pwoteksyon entènasyonal, sitou lè yo konnen gouvènman izrayelyen an di klè li gen entansyon rapousib e asasinen militan islamis li kwè ki mele nan yon seri atanta-suisid nan peyi Izrayèl.

Kanta pou lidè Hasmas yo, yo deklare lanmò Sheikh Ahmed Yassin pa siprann yo. Sepandan, dapre Osama Abu Hamden, ki se yon responsab nan gwoup la, zak konsa ap elimine tout chans pou lapè ta tabli nan rejyon an. Msye Hamden ajoute ke pèsonn pap ka kontwole reyaksyon Palestinyen yo devan asasina lendi a.

An 1989, Izrayèl te kondane Sheikh Ahmed Yassin pou li pran prizon avi poutèt li te fonde Hamas epi ankouraje zak vyolans kont eta Ebre a. Lidè spirityèl sa a, ki sou chèz woulant, te jwenn liberasyon n' an 1997. Sa pa gen lontan, Izrayèl te fè konnen li vle asasinen msye poutèt li kontinye ap pouse Palestinyen yo atake Jwif ak sib izrayelyen.

Yon gwo dirijan Arab di Lavwa d Lamerik, "Premye Minis Ariel Sharon pran pi move desizyon politik nan vi li."

Semèn pase, yon atanta-suisid palestinyen te pran lavi 10 moun nan Ashdod, yon vil izrayelyen, ki bò lanmè.

XS
SM
MD
LG