Lidè Lavalas la, Jean-Bertrand Aristde, ki pati ann egzil depi 29 fevriye, ap kontinye sejou li nan Jamayik kote li rankontre mèkredi apremidi ak Premye Minis P.J. Patterson. Korespondan nou nan Kingston Gillian Haughton di nou se premye rankont 2 lidè yo fè depi msye Aristide te rive Jamayik lendi pase a. Misye Aristide enfome Premye-Minis la sou plan li genyen pou l' al viv nan yon lòt peyi. Li di tou madanm ni, Mildred, al' chache 2 pitit yo Miami, pou fanmi an kapab reyini. Men yo pa konnen ki lè ansyèn Premyè Dam nan ap retounen nan Jamayik.
Asyen prezidan ayisyen an deklare tou ke li tande nouvèl ki di prezans li nan Jamayik reprezante yon menas; sepandan li bay msye Patterson garanti li pa tap janm sèvi ak sa li rele “chans Jamayik ba li a” pou l' ta twouble lapè e deranje "processus" demokratik la ann Ayiti. Jean-Bertrand Aristide dwe pase ant 8 a 10 semèn nan peyi Jamayik.