Accessibility links

Breaking News

Evèk Guy Sansaricq Preche Anfavè Rekonsilyasyon an Ayiti - 2004-03-18


Youn nan enstitisyon ki te jwe yon wòl kle nan mouvman ki ranvèse rejim Lavalas la se Legliz. Jodi a, n'ap kontinye eksplore wòl Legliz la ann Ayiti, anvan e apre 29 fevriye 2004 la.

Gen yon gwo deba k’ap fèt depi dik dantan anndan legliz yo pou konnen si enstitisyon sa a kapab mele nan aktivite politik. Apre tou, èske pawòl sakre a pa di bay Seza sa k’pou Seza, e bay Bondye sa k’pou li. Poutan, kèk “penseurs” kretyen, Doktè Fritz Fontus se youn ladan yo, kwè si Legliz pa dwe desann nan arèn politik la, fidèl li yo gen misyon pou yo patisipe nan lavi sosyete yo nan tout nivo, kidonk nan politik tou.

Jounen jodi a, kouman sa ye ann Ayiti? Ki sa Legliz kapab reyalize, apre kanpay mobilizasyon ki kapote rejim Jean Bertrand Aristide la e ouvè wout la (antouka se sa tout moun swete) pou yon tranzisyon demokratik toutbon nan peyi a? Tandiske tout moun ap mande rekonsilyasyon nasyonal, Monsenyè Guy Sansaricq, yon dirijan Katolik Ayisyen nan New York, di Legliz ka fasilite rekonsilyasyon sa a ak predikasyon Levanjil, yon Levanjil ki chita sou padon.

Monsenyè Guy Sansaricq di nou evènman fevriye 2004 yo te frape l’ anpil, men li pat janm' pèdi lespwa pou peyi d Ayiti.

XS
SM
MD
LG