Accessibility links

Breaking News

4 gwoup OP  Lavalas nan Site Solèy  Remèt  Zam yo bay  Fòs Sekirite  Ayisyen yo. - 2004-03-18


Yon seri patizan ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide ki tap opere nan Site Solèy (katye jeneral OP ak chimè Lavalas nan antre nò kapital la, Pòtoprens)depoze zam yo mèkredi 17 mas la. Otorite polis yo nan kapital la akeyi ak satisfaksyon desizyon gwoup militan pwo-Aristide yo ke yo di yo pral ankadre. Sepandan, OP yo te pwofite okazyon seremoni "depoze zam nan" pou yo pran lari e reklame retou lidè yo a, Jean-Bertrand Aristide, ki kounye a nan Jamayik pou rezon lafanmi, dapre deklarasyon ofisyèl dirijan jamayiken yo.

(Klike sou lïy anlè a pou'w koute korespondans Watson Désir la)

XS
SM
MD
LG