Kolaboratè nou Chérubin Dorcil ak Marie-Luce Pierre ap prezante repòtaj korespondan nou Gillian Gaughton nan Kingston. Gillian di toudabò Premye Minis Percival Patterson te prezante madi nan Palman jamayiken an pou li defann desizyon pou gouvènman an aksepte Aristide nan Jamayik. Epi li fè konnen li poko rekonèt gouvènman Latortue a.
Se nan reyinyon CARICOM nan, nan St-Kitts, pi ta nan mwa a, yo va pran yon desizyon sou kesyon an. Gillian di okòmansman Minis Afè Etranjè a K-D Knight te fè konnen li pat resevwa okenn nòt ofisyèl sou sa, men laprès rapòte mèkredi maten li aksepte demisyon anbasadè Ayiti a nan Kingston.