Yon moun mouri, yon lòt blese nan rejyon Sid peyi dAyiti, pi presizeman bò vil Okay, pandan yon lese-frape ak yon ekip nèg ki te akonpaye ansyen lidè rebèl Guy Philippe. Dapre deklarasyon yon patizan viktim yo, ansyen militè yo t'al repran yon machin gwoup sivil ame yo te pran nan delegasyon Sid la. Korespondan nou nan vil Okay se Jean-Ernst Eliscar.