Accessibility links

Breaking News

Diferans ant Fi ak Gason Nan Domèn Enfòmatik-- 1e pati - 2004-03-16


Teknoloji enfòmatik ap chanje lemond. Nan yon mond konsa, moun ki ka ekri pwogram, ki ka fè lojisyèl, kòd konplike ki di òdinatè a sa pou l’fè, moun sa yo ka afekte fason n'ap viv, travay, e anmize nou. Se poutèt sa anpil save ap mande èske gen ekilib nesesè ant fi ak gason nan domèn nan. Men yon egzanp: an 1987, fanm te reprezante 36,6 pousan pami pwogramè òdinatè ozetazini. Nan 2001 chif la te tonbe nan 26,6 pousan, swa 10 pousan pi ba.

Nan okazyon mwa yo konsakre pou fi atravè lemond, mwa mas la, nou vle pran yon ti tan pou nou reflechi e enfòme w' sou reyalite sa a. Se pou sa nou pare twa repòtaj nan ribrik Syans-ak-Teknoloji a sou menm tèm nan. Nou poste sila a jodi a; Va gen yon dezyèm semèn pwochèn, epi yon dènye nan dat 29 mas.

Jane Margolis ekri yon liv ki rele "Unlocking the Culbhouse: Women in Computing” kidonk yon liv sou aksè pou fanm nan domèn enfòmatik. Li kwè rasin gwo diferans, gwo dezekilib ki egziste ant gason ak fi nan endistri a kapab se fason timoun nan 2 sèks yo te premye fè eksperyans ak òdinatè.

Pou ti gason yo nou tande anpil istwa sou sa ki te atire yo, genyen ki di lè m’premye wè yon òdinatè, epi mwen mete men m' sou li mwen te deja santi sa sa m’te vle fè. Nou tande anpil istwa rapò papa ak pitit kote papa a ede pitit la monte yon computer nan sou-sòl kay li. Jwèt yo te jwe te pouse yo chache familyarize yo ak machin sa a.

Men jenn fi madam Margolis entèvyouve yo, malgre yo te osi kalifye nan matematik, lè yo t'ap grandi sanble yo pat' manifeste menm enterè a nan òdinatè ni resevwa menm kalite ankourajman ak jenn ti gason yo.

Nan segman lendi 22 mas la, na tande plis temwayaj e na antre pi fon nan sijè sa a: fanm ak gason, diferans ak konpetans nan tekoloji enfòmasyon.

XS
SM
MD
LG