Kòm reyaksyon sou vizit Msye Aristide nan Jamayik la, Premye-Minis Gérard Latortue jele pwovizwaman rapò diplomatik ant Pòtoprens ak Kingston. Pandansetan, Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) fè konnen l'ap distribye medikaman prese-prese ann Ayiti aprè yon gwo vàn dlo te pete tou pre yon lopital. Korespondan nou Jean-Pierre Leroy di nou Premye-Minis Latortue bay rezon ki apiye desizyon n' nan.