Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ayiti a, Jean-Bertrand Aristide, Rive nan peyi Jamayik nan Kad yon Vizit pou Rezon Familyal - 2004-03-15


Misye Aristide te kite Republik Santr-Afrikèn jodiya pou l ale nan peyi La Jamayik. Otorite yo nan Kingston fè konnen ansyen lidè ayisyen an pral pase 10 semèn nan Jamayik kote lap reyini ak 2 pitit fi li ke l te voye al viv New York nan moman yon mouvman rebelyon an te pete kont gouvènman li an. Premye minis Ayisyen an Gerard Latortue sispann relasyon diplomatik Ayiti ak Jamayik e li raple anbasadè ayisyen an nan Kingston pou l protestre kont le fèt ke Jamayik pèmèt Msye Aristide fè vizit sila a. Otorite ayisyen yo panse vizit sa a kapab lakoz patizan ansyen lidè a fè zak vyolans ann Ayiti.

Otorite ameriken yo fè konnen Lèzetazini pa genyen pyès pwoblèm ak vizit la, depi se yon vizit ki fèt pou rezon familyal tou senpleman, depi li pa genyen okenn konsekans sou pwosesis tranzisyon ki kòmanse an Ayiti a aprè depa misye Aristide la.

Pòt pawòl Depatman Deta a fè konnen, nap site:“pwosesis la deja sou ray. Nou panse li enpòtan pou tout moun gade devan e apiye pwosesis la. Gouvènman jamayiken an ban nou enfòmasyon ki di nou envitasyon yo lanse bay ansyen prezidan Aristide la, se pou yon vizit pwovizwa e pou rezon familyal. Nou espere vizit sa a va rete nan kad objektif sa a sèlman, e nan kad objektif nou tout genyen pou n ranfòse demokrasi an Ayiti.”

Minis afè etranjè jamayiken an, K-D Knight, deklare otorite yo pale klè ak misye Aristide pou yo fè li konnen li pa fèt pou l sèvi ak tèritwa Jamayiken an kòm yon tranplen pou l reyalize nenpòt ki dezi li ta genyen pou l retounen an Ayiti.

XS
SM
MD
LG