Lidè rebèl ayisyen Guy Philippe (ki te pran lèzam kont prezidan Jean-Bertrand Aristide) kondane ak tout fòs ensidan ki fè san koule dimanche 7 mas la nan kapital ayisyen an, Pòtoprens. Msye Philippe lanse apèl bay patizan’l yo (ke'l te mande depoze zam yo semèn pase) rete mobilize. Apèl sa a tonbe apre zak vyolans ki pran lavi 6 moun nan manifestasyon ansyen opozisyon kont èks prezidan Aristide la te òganize nan Pòtoprens 7 mas pase a pou selebre dechoukaj lidè Lavalas la e mande arestasyon ak jijman patizan ansyen rejim nan ak demanbreman strikti Lavalas la.