Accessibility links

Breaking News

6 Moun Mouri, Plis Pase 30 Blese Nan Pòtoprens - 2004-03-08


6 moun pou pi piti mouri e omwen 34 lòt blese yè dimanch la nan Pòtoprens lè nèg ame te louvri kout zam sou manifestan ki t'ap selebre demisyon ak depa ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide. Foul la t'ap mande jijman prezidan dechi a pou koripsyon ak krim kont limanitè. Temwen yo rann patizan prezidan Aristide yo responsab.

Solda Franse ak Ameriken te patwouye lari a yè swa pou evite plis vyolans. Pandansetan, Premye Minis Yvon Neptune deklare li pase lapolis lòd pou li jwenn e arete sa li rele asasen yo, kèlkilanswa kan politik yo.

Jean-Max Blanc gen yon repòtaj depi Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG