Accessibility links

Breaking News

Avoka Ansyen Prezidan Jn-Bertrand Aristide di yo Kenbe Msye Aristide Kòm yon Prizonye nan Bangui - 2004-03-08


Prezidan dechu ayisien an, Jean-Bertrand Aristide, fè yon deklarasion lendi kote l ensiste pou l di, li toujou prezidan peyi dAyiti, e li lanse apèl pou l mande pèp ayisyen an kenbe on rezistans pasifik kont sa li dekri kòm okipasion teritwa ayisien an. Yon semèn apre prezidan Aristide rive nan Bangui nan Republik Santrafrikèn, li pran la pawòl nan yon konferans pou la près kote l repete kèk deklarasion li te fè pi bonè nan jounen an sou yon radyo peyi la Frans. Nan tou 2 okazion yo, li fè konnen li toujou prezidan elu peyi dAyiti, e li reklame retablisman demokrasi nan peyi a.

Avoka li a, Gilbert Collard deklare lendi lidè egzile ayisyen an pat gen libète pou l deplase ou byen pran la pawòl an piblik.

Mèt Collard deklare msyie Aristide pat demisionen, men li te sèlman remèt yon nòt pou fè konnen si depa li a kapab ede evite san koule nan peyi dAyiti, li aksepte kite peyi a, men li pa gen entansyon remèt pouvwa a bay yon fòs etranjè.

Avoka a deklare msye Aristide gen entansyon retounen nan peyi dAyiti, e retounen nan palè nasional la. Nouvèl yo pa fè konnen si ansyen prezidan ayisyen an pral jwenn pèmision pou l rete an pèmanans nan Repiblik Santrafrikèn.

XS
SM
MD
LG