Accessibility links

Breaking News

Twoup Entènasyonal yo Koumanse fè Patwouy  nan Vil Pòtoprens Ansanm ak Polis Nasyonal Ayisyen an. - 2004-03-05


Solda franse ak ameriken ki ann Ayiti kòmanse patwouy depi yè ak polis nasyonal la. Korespondan nou, Jim Teeple, ki nan Pòtoprens di nou kòmandan fòs etranje yo di polis nasyonal la detèmine pou'l repran kontwòl sitiasyon an apre plizyè semèn vyolans, zak piyay ak kraze-brize. Vrèman vre genyen plis pase yon milye merinn ameriken ak prèske yon milye solda franse nan peyi a. Brezil anonse lap deplwaye plis pase yon milye solda e'l fè konnen li pare pou'l pran kòmandman fòs miltinasyonal Nasyonzini otorize a.

XS
SM
MD
LG