Accessibility links

Breaking News

Twoup Militè Ameriken ak Franse Kòmanse Mete Sekirite ann Ayiti - 2004-03-02


Twoup militè ameriken ak fransè kòmanse pran pozisyon nan kapital peyi d Ayiti a, Pòtoprens, kote y'ap fè patwouy nan kèk katye, aprè Prezidan Jean-Bertrand Aristide te bay demisyon n' epi kite peyi a dimanch pase a. Kèk kontenjan lame amerikèn ak sòlda fransè te debake yè nan kapital la, kote y'ap asire sekirite kèk misyon diplomatik ak lòt enstalasyon enpòtan.

Yon lòt kote, menm yè lendi a, rebèl ayisyen yo antre nan kapital la kote yo pwomèt pou yo remete Fòs Ame d Ayiti sou 2 pye li (yon lame prezidan Aristide te kraze an 1995) epi yo pran angajman pou yo fè respekte lalwa. Guy Philippe, youn nan chèf rebèl yo, te resevwa yon akèy chalere nan men plizyè milye ayisyen ki t'ap jwaye nan moman machin rebèl yo t'ap deplase nan lari kapital la.

Msye Philippe ki te menase --sa genyen kèk jou sèlman--pou li mache pran Pòtoprens palafòs si Prezidan Aristide pat' kite pouvwa a, pase devan palè nasyonal la san l' pat' genyen pou li tire menm yon kout fizi.

XS
SM
MD
LG