Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Mande Peyi Vwazen Ayiti yo Aksepte Refijye Lakay yo - 2004-02-27


Wo-Komisè Nasyonzini pou refijye yo lanse yon apèl pou l' mande peyi vwazen Ayiti yo aksepte pran lakay yo ayisyen kap kouri kite peyi a.

Nan yon kominike ajans pou refijye yo pibliye, responsab yo fè konnen yo atann yo aske peyi nan rejyon an respekte Konvansyon ane 1951 sou Refijye yo, ki bay moun sa yo dwa pou yo jwenn pwoteksyon kominote entènasyonal la.

Repiblik Dominikèn, Kiba ak Jamayik resevwa anviwon 400 refuje Ayisyen pandan Lèzetazuni ap dekouraje Ayisyen ki vle pran kanntè e fè yo konnen yap voye yo retounen nan peyi d Ayiti.

Gad-kòt Lèzetazini rapòte ke pandan kèk jou ki sot pase yo, yo deja ranmase plis ke 500 Ayisyen ki tap eseye antre nan peyi Etazini.

XS
SM
MD
LG