Accessibility links

Breaking News

Opozisyon Ayisyèn nan Rejte Plan Entènasyonal la - 2004-02-25


Opozisyon ayisyèn nan rejte yon plan pou pataje pouvwa a ak Prezidan Aristide, malgre gwo presyon kominote entènasyonal la. Platfòm Demokratik la (ki rasanble opozisyon politik la ak Sosyete Sivil la) fè konnen li pa aksepte plan an paske li pa mande pou Jean-Bertrand Aristide remèt pouvwa a tousuit. Okontrè, plan sa a (ke lidè Lavalas la te aksepte san kondisyon) prevwa yon komisyon-ak-3-pati ki va nonmen yon nouvo Premye-Minis ak yon nouvo Kabinè, kote kominote entènasyonal la ta sèvi medyatè ant msye Aristide ak opozisyon an.

Lidè Platfòm Demokratik la voye repons yo bay Òganizasyon Eta Ameriken yo nan yon lèt madi a kote yo eksplike poukisa yo pa ka dakò ak plan entènasyonal la. Yo bay yon konferans-pou-laprès maten an nan Pòtoprens pou rann’ nouvèl la piblik. Semèn sa a, ansyen majistra kominal Pòtoprens e youn nan prensipal lidè nan Platfòm nan, Evans Paul, te deklare fòk Jean-Bertrand Aristide demisyone, pou byen peyi dAyiti

Pandan opozisyon politik la ap chache demisyon chèf deta a, youn nan lidè rebelyon ame ki kontwole prèske mwatye peyi a kounye a, kòmandan Guy Philippe, di fòs li yo kapab atake kapital la nan kèk jou konsa.

XS
SM
MD
LG