Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jean-Bertrand Aristide Mande Prezans yon Gwo Fòs Sekurite Entènasyonal Ann' Ayiti - 2004-02-24


Prezidan ayisyen an, Jean-Bertrand Aristide, lanse apèl yon lòt fwa ankò pou mande prezans yon gwo fòs sekurite entènasyonal nan peyi li nan moman rebèl yo sèmante ya’p pran vil Pòtoprens, kapital Ayiti. Msye Aristide kalifye rebelyon yon gwoup rebèl deklanche depi apeprè 2 semèn nan Ayiti a kòm yon “jenosid” e’l lanse yon “pinga” kont yon kriz refujye.

Dirijan ayisyen an lanse apèl tou bay opozisyon an pou mande’l aksepte plan Lèzetazuni apiye e ki vize mete yon pwen final nan rebelyon vyolan an.

Opozisyon ayisyèn nan supoze anonse posizyon li vizavi plan an pi ta jodi a. Yon lòt kote, peyi Lafrans di li pral fè yon seri reunyon nan fen semèn nan pou diskute sou fason yo kapab mete fen nan rebelyon an. Rebèl yo---ki ekzije demisyon prezidan Aristide---sèmante yon lòt fwa ya’p pran nan jou kap vini yo kontwòl kapital la, Pòtoprens.

Dènye nouvèl ki sòti ann Ayiti anonse vil Pòdpè (Port-de-Paix, Nord-Ouest HAITI) baskule nan kan rebèl yo apre polisye ki te nan vil la abandonen katye jeneral yo bay yon gwoup militan anti Lavalas.

XS
SM
MD
LG