Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Rapò Sou Peyi ki Plis Vyole Libète Relijyon - 2004-02-19


Yon ajans federal endepandan ki fè rekòmandasyon bay Depatman Deta ameriken an sou kesyon ki gen rapò ak libète relijyon nan lemond lonje dwèt sou onz peyi li di ki komèt plis vyolasyon pase tout lòt nan domèn sila a.

Prezidan Komisyon Ameriken pou Libète Relijyez Entènasyonal la, Michael Young, deklare gwoup li a twouve onz peyi ta dwe resevwa kanè ki pi mal la, kidonk se peyi ki lakòz pi gwo kè-sote nan zafè respekte relijyon sitwayen yo. Sou lis la nou jwenn Birmani, Lachin, Eritre, End, Iran, Kore di Nò, Pakistan, Arabi Sawoudit, Soudan, Turkmenistan ak Vyetnam. Msye Young mande Depatman Deta pou li denonse peyi sa yo an piblik epi pran mezi pi serye pou ankouraje yo amelyore dosye yo.

Li di, "Lefèt ke nou deziye yon peyi konsa pa vle di fòseman pral gen sanksyon osnon yon aksyon kèlkonk kont li, men sa egzije Sekretè deta a pou li kontakte otorite nan pi wo nivo nan peyi sa a epi chache antant ki ta presize etap konkrèt yap pran pou libète relijyon ka amelyore nan peyi konsène a."

Pami onz peyi sa yo, gen senk ki deja figire nan rapò Depatman Deta te pibliye nan lane 2003 sou libète relijyon. Men 6 lòt yo, anpalan de Eritre, End, Pakistan, Arabi Sawoudit, Turkmenistan ak Vyetnam, pat ladan n. Michael Young di se pa premye fwa komisyon l’ap dirije a kritike wayòm sawoudyen an.

Dapre pwòp rapò Depatman Deta, pa rapò komisyon nou an non, men pwòp rapò Depatman Deta, libète relijyon pa egziste nan Arabi Sawoudit. Sa se yon deklarasyon senp, san dètou. Se konsa depatman an te tanmen analiz li a. E nan opinyon pa nou, Arabi Sawoudit se yon peyi ki gen rapò sere ak nou e nou ta dwe kolabore plis sou kesyon sa a, nou ta dwe panche davantaj sou koze libète relijyon nan wayòm nan.

Msye Young ajoute ke nou ta kapab pale menm jan an nan ka Vyetnam ak Turkmenistan. Kanta pou peyi End, li di gen yon pwen ki jwenn apwobasyon tout nèf manm komisyon an:

“Pa gen pyès dezakò nan komisyon an sou lefèt ke gen pwoblèm grav yo pa soulve, e gouvènman endyen an pa pran distans li ak opinyon ekstremis yo, trèzokontrè nan yon sans li menm alye li ak yo. Se yon bagay ki dekourajan anpil.”

Lamezon Blanch, Chanm Reprezantan yo (kidonk depite yo) ak Sena a, yo chak nonmen 3 manm nan komisyon an. Chak komisè pase 2 zan nan pòs yo e se posib pou manda sa a renouvle. Nan komisyon ki te repare rapò ane 2004 la, nou te jwenn 3 Katolik, yon Endou, yon Jwif, yon Mòmon, yon Mizilman ak 2 Pwotestan.

XS
SM
MD
LG