Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Rebèl Ame yo Frape Nan Plato Santral - 2004-02-17


Apre rebèl yo ann Ayiti te pran vil Gonayiv, katriyèm pi gwo vil peyi dAyiti a, yo kontinye ap kontwole pwen estratejik peyi a jodi a, nan moman Prezidan Jean-Bertrand Aristide ap mande negosyasyon lapè. Korespondan nou nan Mirebalais, Jn-Christophe Collègue, di nou dènye pwen rebèl yo te sezi se vil Hinche. Sepandan, sitiyasyon an ap evolue. Dènye nouvèl yo fè konnen yon ekip polisye ki te soti nan kapital la te oblije kouri kite vil Hinche lè rebèl yo te ouvè kout zam sou yo. Collègue ap reponn kesyon Ronald César.

Nan menm dosye sa a, nou va tande tou divès reyaksyon ki soti Pòtoprens, Washington, Paris, sou sa k'ap pase nan peyi a.

Finalman, Lyonel Desmarattes jwenn presizyon nan men Direktè Radio Lumière, Varnel Jeune, sou bri ki te fè konprann bandi ta okipe radyo a. Li di se pito yon mouvman pwotestasyon etidyan Université Lumière.

Dosye detaye sa a sou aktyalite ayisyèn nan fèt ak Marie-Luce Pierre, Ronald César, Chérubin Dorcil, Jacquelin Bélizaire, Lyonel Desmarattes, ak korespondan e envite jounal pale Vwa d'Lamerik la pou jodi madi 17 fevriye a.

XS
SM
MD
LG