Accessibility links

Breaking News

Eritaj Pap Jan-Pòl II, dezyèm pati - 2004-02-07


Jn-Pòl II se youn nan Pap ki egzèse plis enfliyans e ki pi aktif nan tan modèn yo. Li bat yon rekò ak vwayaj, nou vle di misyon pastoral li antreprann toupatou sou latè, depi li te rive sou sa Katolik yo rele twòn Sen-Pyè a, sa gen yon ka syèk. Nan yon premye segman, nou te wè kouman kèk lidè Kretyen ak Jwif wè pontifika ak eritaj Jan-Pòl II. Jodi a, n’ ap kòmanse ak opinyon yon Mizilman.

Imam Benjamin Abdul-Haqq se yon lidè relijye ki afilye ak Moske Mohammed nan Washington, D.C. Imam Abdul Haqq di nou Jan-Pòl II te lonje lamen bay kominote islamik la nan yon moman enpòtan nan listwa.

Imam nan di “li te fè ouvèti nan direksyon kominote mizilman an nan yon moman kote zòt te vire do ba nou oubyen yo te negatif vizavi Mizilman. Kidonk, mwen ta di eritaj li pou nou se yon eritaj lanmou ak respè.”

Sepandan, alòske yo konsidere souvren pontif la tankou yon fòs pou rasanble moun, sou plan entènasyonal, andedan pwòp legliz li li parèt pafwa tankou yon fòs k’ ap mete divizyon. Gen Katolik ki di li se yon konsèvatè san repanti. Pou John Allen, ki nan jounal Repòtè Katolik Nasyonal, sa se yon paradòks.

Msye Allen siyale ke Pap la pran pozisyon trè sevè sou dosye tankou konsekrasyon fanm kòm prèt, metòd atifisyèl pou moun pa ansent, dwa omoseksyèl, ekilib pouvwa ant Wòm ak legliz lokal yo. Epi nan anpil peyi li nonmen yon bann evèk ki trè konsèvatè. Akote sa John Allen di a, nou ka ajoute kritik ki tonbe sou do Pap Jan-Pòl II poutèt li asosye l’ ak OPUS DEI, yon òganizasyon ultra-konsèvatè, ki abòde ansèyman legliz la yon fason strik. Sen Pè a bay gwoup la yon pozisyon espesyal nan direksyon legliz la ak yon pakèt endepandans pou li opere.

Pap Jan-Pòl II nonmen yon majorite nan 135 kadinal ki gen mwens ke 80 zan kounye a, kidonk ki kalifye pou yo vote nan pwochen konklav la. Yon konklav se yon rasanbleman Kadinal, an sekrè, pou eli yon Pap. Sa vin kreye divizyon pami Katolik yo paske sa demontre klè ke Jan-Pòl II vle poze so l’ sou avni Vatikan yon fason pyès lòt souvren pat fè l’ anvan. E tandiske sante li kontinye ap deteryore (li te fete 83èm anivèsè l’ nan ane 2003), li depann plis de asistan pou akonpli anpil tach ofisyèl li yo. Antouka, moun ki konnen antre-soti politik Vatikan prese dei pinga pèsonn fè pwonostik sou pap la ak moun ki ka ranplase li, malgre gen kèk non kadinal k'ap site pou djòb sa a. Omwen 2 ladan yo soti nan Amerik Latin nan, youn nan Bèljik e yon lòt nan Nijerya. Nou ka tande plis detay sou yo si nou klike sou lyen ki nan tèt atik sa a.

XS
SM
MD
LG