Accessibility links

Breaking News

Peyi CARICOM yo Pwopoze Prezidan Aristide Yon  mach a suiv Pou Debloke Kriz Politik la. - 2004-01-27


Lidè 15 peyi Komunote Karayib la (CARICOM), Perry Christie,deklare li espere efò diplomatik ki sou pye ann Ayiti kapab rezoud kriz politik peyi a ap travèse a. Premye Minis Bahameyen, Perry Christie, fè deklarasyon sa a Dimanch apre li te finn rankontre nan Pòtoprens ak prezidan Jean Bertrand Aristide kap fè fas ak anpil kontestasyon depi kèk mwa. Msye Christie di li mande msye Aristide kraze gang ame kap apiye li yo; pèmèt manifestasyon pasifik dewoule, libere prizyonye politik epi travay ak opozisyon an pou nonmen yon nouvo Premye Minis ki va genyen pou'l òganize nouvo eleksyon epi aksepte prezans yon fòs rejyonal nan peyi li. Korespondan Sèvis Kreyòl la, Rotchild François Jr. di'n sanble msye Aristide pa ta genyen pwoblèm ak màch a suiv lidè Caricom nan pwopoze'l la.

XS
SM
MD
LG