Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Reyaksyon sou Nouvo Pozisyon Legliz Katolik la - 2004-01-21


Yon jou apre dirijan Konferans Episkopal Ayiti a te fè soti yon kominike ki pratikman wetire pwopozisyon yo te fè 21 novanm 2003 pou rezoud kriz politik la divès sektè reyaji sou deklarasyon an. Si pou kan Lavalas la pa gen anyen ki pou ta fè li panike, opozisyon an kwè se yon move kou pou Jean-Bertrand Aristide k'ap chache rete sou pouvwa a. Evans Paul non sèlman felisite alatèt Legliz la, men tou li mande yo manifeste menm kouraj y'ap mande sektè politik yo epi pale klè, nan menm sans ak pèp k'ap pwoteste nan peyi a, pou mande Msye Aristide remèt pouvwa a.

XS
SM
MD
LG