John Kerry, Senatè eta Massachusetts nan Kongrè ameriken an, ranpòte premye gwo vòt ki fèt nan kanpay elektoral 2004 la. Nan eta Iowa, ki nan rejyon Sant-Wès Lèzetazini, Senatè Kerry fini ak 38-pousan vwa yè lendi a.
Nan dezyèm pozisyon nou jwenn Senatè Kawolin du Nò John Edwards, ki resevwa 32-pousan. Apre piblikasyon rezilta yo, li deklare sa montre kouman pèp nan Iowa kwè nan mesaj pozitif li vle pataje ak elektora a.
Yon desepsyon, nou ta di, se Howard Dean ki t'ap mennen nan sondaj yo pandan plizyè semèn, men ki tonbe fas atè lendi swa nan Iowa ak yon rezilta mèg: 18-pousan vwa.
Sepandan pi gwo desepsyon an se Depite Dick Gephardt, ki soti katriyèm ak 11-pousan vwa nan yon eta li te ranpòte an 1988. Msye Gephardt fè konnen l'ap mete fen nan karyè politik li apre defèt sila a.
Kounye a kous pou tit kandida pati demokrat la fas ak George Bush an Novanm nan pral kontinye nan eta New Hampshire ki va gen eleksyon primè 27 janvye. 2 nouvo vizaj nan pwochen etap sa a: Jeneral Wesley Clark ak Senatè Joe Lieberman.