Accessibility links

Breaking News

Mini-Seri: Ayiti-Entènèt-3 - 2004-01-20


Gotson Pierre, ki responsab gwoup Medialternatif nan Pòtoprens, Ayiti, ap pale sou chanjman atitid ki nesesè nan zafè enfòmatik la. Nan kad fòmasyon ki merite fèt pou Entènèt ka pran plis ekstansyon nan peyi a, Gotson di leta gen yon gwo patisyon pou l'jwe. Piblik la tou dwe reyalize ke Entènèt la se pa yon espas pou moun pran sèlman san yo pa bay. Li vrèman enpòtan pou chak moun ki gen mwayen pou fè sa kontribye nan laji baz done ki disponib sou Web la. Pa egzanp, nou ka kreye sit pou fè zòt konnen reyalite nou pi byen. Nou ka patisipe nan "forum" yo kote nou ka bay opinyon sou youn ou plizyèn tèm. Mezanmi, pou plis detay koute Gotson pito nan segman jodi a.

XS
SM
MD
LG