Accessibility links

Breaking News

Editorial:Pozisyon Ofisyèl Gouvènman Ameriken an Sou Kriz Ayiti a. - 2004-01-16


Vyolans politik kontinue ap souke peyi dAyiti. Lapolis ak bandi kap apiye gouvènman an atake dènyèman moun ki tap manifeste nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens. Pòtpawòl Depatman dEta, Richard Boucher, di Lèzetazuni kondane aksyon gouvènman ayisyen an:“kèk ofisye polis pandan manifestasyon sa yo te fè tèt ansanm ak yon bann gang ame ak gwo zam zòt te angaje pou atake manifestan yo. Nou kwè kalte zak sa yo an kontradiksyon ak pwòp deklarasyon gouvènman an ki di lap chèche konpwomi...e nou lanse apèl bay gouvènman an pou’l mete fen tou suit nan efò lap deplwaye pou’l elimine disidans pasifik nan peyi a.”

Nan mwa ki sòt pase yo, plis pase 2 douzèn moun pèdi lavi yo e anpil lòt blese nan pwotestasyon politik nan peyi dAyiti. Gang gouvènman an peye avèk kagoul nan figi yo e ak zam otomatik nan men yo simaye laterè nan lari kapital la, kote yo vòlè otomobil, atake estasyon radyo, sakaje e kraze vit magazen e atake manifestan. Olye yo rapousuiv bandi sa yo, otorite ayisyen yo ap kolabore avèk yo.

Manifestasyon sa yo gen rasinn yo plonje nan eleksyon lejislativ e lokal konteste Me 2000 yo. Pati ki sou pouvwa a, Fanmi Lavalas, te fè magouy nan konte bilten yo pou’l te kapab gen pou kont li kontwòl Sena la Republik la. Pati politik Opozisyon an te bòykote 2zyèm tou eleksyon an ki te dewoule an jiyè 2000 ansanm ak eleksyon prezidansyèl novanm menm ane a. Rezilta, Prezidan Jean-Bertrand Aristide ranpòte eleksyon an avèk yon fèb to patisipasyon elektè yo. Pati opozisyon yo ak gwoup nan sosyete sivil la refize tou ale nan nouvo eleksyon amwenske Prezidan Aristide bay demisyon li. Pou sa, yo pran lari an mas.

Gouvènman ayisyen an reyaji avèk yon operasyon sere-boulon kont opozisyon an ak laprès. An Septanm 2002, Komisyon Entè Ameriken Dwa Zimen an te pwoteste kont asasinay kèk jounalis nan peyi dAyiti e denonse nuizans ak menas jounalis, medya yo e latriye ap subi nan nasyon karayibeyen an.

Libète lapawòl ak Enstitusyon demokratik yo anba menas nan peyi dAyiti... nan yon moman kote Ayiti plis bezwen yo. Genyen anpil pwoblèm grav ki merite rezoud nan nasyon sa a. Ekonomi ayisyèn nan toujou depann sou èd etranjè ak lajan ayisyen kap viv aletranje voye nan peyi a. Sèl endistri kap vale teren an’n Ayiti se endistri trafik dwòg la. Kriz politik Ayiti a kapab jwenn solusyon atravè dyalòg ak respè lalwa. Men pou sa fèt gouvènman ayisyen an dwe pwoteje dwa sitwayen yo.

Se Editorial Lavwadlamerik ki tap ba nou pozisyon gouvènman ameriken an.

XS
SM
MD
LG