Nou te pale nan yon premye segman sou orijin mouvman zoroastriyen an. Depi anviwon 3 mil ane, abitan rejyon nou rele Iran kounye a te kòmanse pratike fwa yo dapre rit ak prensip ki te soti nan ansèyman pwofèt Zoroastre, ke yo rele tou Zarathustra. Moun ki save nan zafè relijyon fè konnen achiv ki detaye lavi ak travay pwofèt la ka byen te detwi pandan 2 gwo envazyon ki te fèt sou teritwa Pès la: avèk Aleksann Legran nan katriyèm syèk anvan Jezikri, epi lè tribi islamik yo te debake nan setyèm syèk apre Jezikri. Nan tou 2 okazyon yo, anvayisè yo te boule tanp yo ak tèks sakre e anpil prèt te mouri.
Sepandan, gen prèv ki fè wè dokuman Zoroastriyen yo rele AVESTA a (se bib pa yo) genyen ladan n panse Zoroastre te premye anseye yo.
Jiska 9èm syèk, sanble se bouch-an-bouch yo te transmèt pawòl AVESTA a (bib yo a) sa ki te antrene kèk chanjman anmezi tan t'ap pase. Pwofesè Isler di sa rann ni difisil pou n’distenge verite ak mit konsènan pwofèt la.
Gran relijyon mondyal yo pat gen bèl lè ak zoroastrism. Te gen yon pèsekisyon nan 10èm syèk la nan "La Perse" e sa te fòse anpil fidèl nan gwoup la swa konvèti, oswa deplase al viv lòt kote. Yon bon valè tale nan nòdwès peyi End. Vil Bombay te fin pa tounen yon sant pou zoroastriyen, kòmsi n’ta di sa Wòm reprezante pou Katolik. Men nan dezyèm mwatye ventyèm syèk la, popilasyon sa a te bese anpil soti nan 114-mil an 1941 pou li tonbe nan 76-mil an 1991. Kounye a, zoroastriyen toupatou nan lemond ap fòme òganizasyon lokal ak entènasyonal pou lite kont disparisyon mouvman-yo a ak idantite li.
Okòmansman relijyon an te rejte pratik konvèti moun nan. Kounye a li aksepte l. Li apwouve maryaj fidèl li ak kwayan lòt konfesyon. An jeneral, "érudits" yo, save yo, dakò ke fwa sa a ki soti nan ansyen "empire" pèsan an te fè yon bèl kontribisyon nan evolisyon relijyon mondyal yo.
Si nou vle plis enfòmasyon toujou, klike sou lyen ki nan tèt atik sa a.