Opozisyon Ayisyèn nan, ki gen lontan depi l' ap mande demisyon Prezidan Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa a, prezante yon gouvènman-altènatif kote li di li-menm ak Sosyete Sivil la ta vle pou nouvo prezidan peyi a soti nan Kou Kasasyon, ki se gwo tribinal Ayiti a. Korespondan nou Rotchild François Junior di nou group la fè pwopozisyon sa a jodi a nan moman aktivite pou make festivite 200-tièm anivèsè endepandans peyi a ap kontinye nan palè nasyonal ak lòt kote.