Apre yon ka syèk kòm lidè Legliz Katolik mondyal la, Lepap twouve l nan yon sitiyasyon kote li pa viv sante, nou konn’ sa deja, kidonk li pa ka fonksyone ak menm ritm, menm enèji, li te konn’ fè l anvan an. Dabitid, sezon fèt fen dane yo, fèt Nwèl la sitou, toujou rejwenn Souvren Pontif la ak yon orè byen chaje. Ane sa a, se pa menm bagay. Dayè gen anpil fidèl ki krenn pou se pa dènye Nwèl Pap Jan Pòl II pase nan Vatikan.
Chak Nwèl, fidèl Katolik soti toupatou nan lemond pou y’al nan vil Wòm, kote yo asiste mès minui. Moun ki pa ka fè deplasman an suiv Lepap nan televizyon. Jan-Pòl II renmen reponn atant fidèl yo. Men depi dezoutwa zan li ralanti sou aktivite l pou Nwèl opwen ke li pa menm fè mès la nan jou fèt la menmsi li kontinye li mesaj li a pou lemond antye. Nwèl 2003 nan Vatikan, yon repòtaj nou prepare ak kolaborasyon korespondan Vwa d'Lamerik nan Sen-Syèj la, Sabina Castelfranco. Klike sou lyen ki anwo tèks sa a pou nou ka tande li.