Nan yon ti koze ak Lyonel Desmarattes, Hervé Saintilus, ki se prezidan Asosyasyon Etidyan Ayisyen yo pwopoze pou tribinal siprèm Ayiti a, Lakou Kasasyon, ta deziye youn nan manm ni yo pou ranplase Jean-Bertrand Aristide kòm chèf deta, lè lidè Lavalas la va demisyone. Li di se yon objektif etidyan yo ak tout sosyete ayisyèn nan ap reyalize kan menm, e se poutèt sa y'ap rete mobilize sou beton an jiskaske Prezidan an bat zèl li. Patizan Lavalas yo, yo-menm, kontinye deklare wè-pa-wè fòk Msye Aristide boukle manda 5 an li a.