Gouvènè Eta Florid-la Jeb Bush pran lapawòl nan konferans Ekonomik Miami Beach la kote li souliyen enpòtans koperasyon ant Eta li a ak peyi nan zòn Karayib la ak Amerik yo. Msye Bush chante lwanj tou pou imigran ayisyen kap viv nan Florid yo. Ronald César, anvwaye spesyal Sèvis kreyòl la ap di nou plis depi Miami Beach .