Jounen jedi 11 desanm-nan te cho nan Vil Gonayiv kote manifestan pran lari ankò pou reklame demisyon Prezidan Jean-Bertrand Aristide: 3 moun mouri e apeprè yon dizèn lòt blese apre entèvansyon lapolis pou kraze manifestasyon anti prezidan Aristide ki tap dewoule nan vil la. Nou gen sou plas nan Site Endepandans lan, korespondan nou, Duc Jonathan Joseph.