Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Omwens 25 Moun Blese Anba Men Patizan Pouvwa a - 2003-12-08


Mouvman leve kanpe kont prezidan ayisyen an pran yon nouvo dimansyon non sèlman nan kapital la, men tou nan lòt rejyon nan peyi d Ayiti. Nan Pòtoprens, pou pi piti gen 25 moun ki soti blese nan manifestasyon ki te òganize nan nivo fakilte yo vandredi 5 desanm nan. Pami viktim yo, gen 2 dirijan inivèsite. Temwen sou plas di patizan Lavalas (militan O.P. yo) atake etidyan yo e yo fè zak briganday nan kèk lokal. Korespondan nou Rotchild François, Jr. gen reyaksyon chèf gouvènman ayisyen an ak sektè inivèsitè a.

XS
SM
MD
LG