Accessibility links

Breaking News

Kreyòl-Pale, Kreyòl Konprann/Konnen - 2003-12-02


Mwen konnen nap tann pou n' tande ki tèm mwen pral devlope jodi a. Enben, pa sezi non, zanmi mwen yo--- men mwen pa konnen. Nou wè kijan mwen onèt avè’n ! mwen pa konnen;e pèsonn pa kapab kenbe m' nan kè paske "pa konnen pa ale la jistis". Men si pa konnen pa al' lajustis, gen de bagay nou dwe poutan konnen nan lavi.

Konnen, se "avoir connaissance, apprendre, se mete konesans sou nou, se connaitre, savoir, croire, penser", elatriye. Lè mwen di mwen konnen nap tann pou n' tande ki sijè mwen pral devlope apre midi a, se pa yon bagay vrèman mwen aprann nan bouch okenn moun, ni nan okenn lekòl; se pito yon sètitud, yon asirans mwen genyen sou nou, “parce que je connais votre fidélité. Mwen konnen nou se oditè fidèl !!!

XS
SM
MD
LG