Accessibility links

Breaking News

Venezuela: Yon Kanpay Anti-Chavez ap Repran Fòs - 2003-12-01


Lendi premye desanm 2003 a se dènye jou opozisyon an genyen pou li fin ranmase 2 milyon 400-mil siyati, pou li ka fòse gouvènman Venezuela a konvoke pèp la nan yon referendum, nan premye trimès ane 2004 la, yon referendum kote elektè yo ta va deside sò Prezidan Hugo Chavez Frias. Jiskaprezan, pa gen nouvèl ki pale de gwo ensidan grav, men opozisyon an plenyen pou di gen sòlda an pwovens ki vòlè fèy ki plen siyati tandiske leta bloke sitwayen venezuelyen ki nan Kolonbi pou yo pa janbe vin patisipe nan efò sila a.

Analis kap suiv sitiyasyon Venezuela a raple se pa premye fwa opozisyon an lanse l' nan yon kanpay konsa. Pou nou pale sou divès etap ak konplikasyon mouvman referendum nan, nou envite jounalis Sabeth Ramirez, ki nan Washington, DC.

XS
SM
MD
LG