Accessibility links

Breaking News

Palman Ayisyen an Prè Pou l Aprouve 25 Milion Dola Bank Entè-amerikèn Devlopman ap Prete Ayiti - 2003-11-21


Bank Intè-amerikèn devlopman apwouve yon prè 25 milyon dola pou ede Ayiti kontwole finans li. Nan yon deklarasyon Bank la, ki gen baz li nan Washington fè parèt jedi, li fè konnen prè sa a se yon pa enpòtan pou rann efikas e modènize sektè publik Ayiti a.

Daprè deklarasyon an, lajan sa a pral pèmèt gouvenman an tabli yon baz legal ki pral ede l kontwole finans li pi byen e avek transparans.

Nouvèl yo rapòte, palman Ayiti a dwe ratifye prè sa a anvan bank la debousé yon premye tranch 10 milyon dola nan lajan an. Sou kesyon sa a, korespondan nou o Cap-Haitien, Yves Mompremier, di nou yon palmantè Ayisyen deklare palman an pare pou l aprouve prè sila a.

XS
SM
MD
LG