Accessibility links

Breaking News

Kreyòl Pale; Kreyòl Konprann-Edisyon Madi 28 Oktòb la:Anfòm, Bèl Anfòm. - 2003-10-28


Youn nan bizniss ki pi florisan Ozetazuni e petèt menm atravè le mond, se endistri Fitness la ke m' ta kapab tradui pa endistri “fòm ak sante fizik-la”. Nan tout vil, distri ou Comté ou pase nan peyi a ou rankontre yon jimnaz, sètadi kote moun al fè ekzèsis(tankou aerobik) pou yo kapab “fit”... sètadi, pou yo kapab “anfòm”. Ekzèsis, kòm nou konnen li, bon pou kò; li ede’n elimine toksinn, bese nivo kolestwòl e ede moun ki gen eksè pwa yo pèdi pwa pou yo kapab santi yo pi byen nan “po” yo. Lè yon mounn santi’l “anfòm”, li kontan, li ere. Li ere, paske li satisfè ak tèt li, ak jan li prezante. Anfòm, nan sans sa a se yon eta d’esprit, men se jan ou santi-ou tou fizikman. Nou menm ayisyen, nou renmen moun anfòm e nou renmen moun “gen bèl fòm”---sètadi yon moun byen fèt, byen bati. Sepandan, se pa tout tan yon ayisyen di yon moun anfòm ke li vle di moun sa a gen bèl fòm. Li ka pa genyen anyen pou wè ak liy, ak kourb, ak fòm koka-kola moun nan ta genyen.

Yon fi anfòm, nan peyi mwen, se plis yon fi ki genyen bèl mòlèt, bèl janm byen plen, bèl lestomak e sitou yon bèl “dada”.

Maten an, mwen kwaze ak Ketly nan koulwa radyo a, manmzèl genyen yon bèl anfòm souli, papa, sèjousi! Kwè’m si n' vle, nan 90 pou san ka yo, se yon ti grès manmzèl ranmase.

Men pou frankofòn-yo, yon “fanm anfòm”: se yon “dame bien moulée, bien tournée”, kòmkidire ki pase nan yon moule nan yon forme. "Forme" se fòm, se Contour, se caracteristique fizik yon bagay, yon moun. Ekzanp, m’pa renmen fòm rad la, mwen pa renmen fòm soulye a... map pote’l remèt koutiryè a ak kòdonye-a.

Anfòm, tou nan kreyòl se yon, kesyon, yon salutasyon, yon repons. “Jacques ban’m nouvèl ou... kote ou prale ou prese konsa...ou Anfòm ?: monchè, anfòm-anfòm, map monte Delmas 60 la-a.Ok, Anfòm,nan wè pita! Anfòm nan sans sa a vle di tou “ en pleine forme”, sètadi ou pa gen anyen kap fè ou mal, ou pa gen okenn pwoblèm ditou.

Ekspresyon sa-a genyen rapò tou ak “asurans, trankilite ak ézans yon moun genyen ou santi.

Maten-an, minis la lage 100 goud nan pat sekretè a, kounye a msye anfòm nèt ! Jean-Baptiste “anfòm”, kounye-a...lap travay. Sa vle di msye pa gen okenn kè sote, li rassure...li alèz. Tèlman Alèz ke’l pap bezwen desann ankò bò lopital la pou’l al plenyen bay bòss kòdonye a pou fòm soulye ke l' pa renmen ni di bòss la “ ke’l te sèvi ak yon fòm ki twò piti ...ki pa konfòm ak fòm pye msye!

Tout bagay Ok, tout bagay anfòm pou Jacques. Chu.u.u.ut, tande:bagay yo tèlman anfòm pou msye, se li ki prezidan ekip Bèl Anfòm nan!

THEME IN FULL; LOWER AND OPEN MIC FOR CLOSING:

CLOSING: Se te kreyòl Pale, Kreyòl Konprann, yon segman Lavwadlamerik avèk Jacques Jean-Baptiste.

XS
SM
MD
LG