Accessibility links

Breaking News

Relijyon: Mè Thérésa Fas ak Kritik li yo - 2003-10-23


Dè e dè milyon moun atravè lemond manifeste anpil reverans pou Mè Thérésa e li enspire lejyon fidèl kretyen toupatou akòz travay dezenterese li te konn fè nan vivan li anfavè mas pòv nan Calcutta, nan peyi End. Vatikan deklare li byenerèz 19 oktòb 2003, e anpil obsèvatè Sen Syèj la siyale ke se youn nan evènman Jan Pòl II, Lepap atò, te plis vle dirije anvan fen papote li.

Sepandan nan peyi sa a menm, kote Mè Thérésa te pase vi li ap fè byen pou pòv yo, gen moun kap mande èske venerasyon sa a se yon bon bagay. Mè a te selèb se vre, men li te gen kritikè pa l’ tou. Jodi a, Paj Relijyon an ap konsidere kèk ladan yo ak repons ki soti bò kote òganizasyon Mè Thérésa a, Misyonè Lacharite yo. Koute byen.

XS
SM
MD
LG