Accessibility links

Breaking News

Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann:Sendik-Syndic/Gad - 2003-10-21


Jan mwen fè l' ase souvan pou pwogram sa a, mwen pral fouye nan souvni mwen pou m' rale tèm segman jodi a. Si m' pat genyen resouss sa a, ase souvan, mwen pa ta konnen ki kote’m gad akk oditè yo, men sitou avèk supèvizè a, Oscar Minoso Bachiller. Msye, plis ke yon gad, tap tounen yon sendik nan kò mwen. Wi, yon sendik ! Sendik nou tande mwen pale la a, kontrèman ak sa anpil nan oditè yo ta konprann, pa yon mo kreyòl, men pito yon mo franse ki antre tankou anpil lòt nan lang nou-a. Nou jwenn li, tanto kòm non komen e kòm non pwòp. Mwen sonje, bonba kay grann mwen, te gen yon vwazen li ki rele Sendic (mwen kwè se Saint-Dick ou Saint-Duc). Men si Sendik pat yon sendik nan kò pèsonn, tout moun (menm mwen menm) te konn kote yo gad avèk li.

(Pou nou koute rès segman an, klike sou lyezon anlè a)

XS
SM
MD
LG