Accessibility links

Breaking News

Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann:Mache, Mache-prese, Mache-vit - 2003-10-08


Pwovèb la di:se pa tou le jou Magrit (Marguerite) al nan mache li pote bon siwo... se repons mwen sonje defen manman mwen te konn bay lè pè Jòj plenyen pou di diri a “pat” jodi a. Fò m' di n' pawòl sa a, se lè dan msye te solid, paske alèkile tout “diri ki grennen, se yon diri ki pa kreve, ki pa kwuit. "Se pa tou lè jou Magrit ale nan mache li pote bon siwo" ! pwovèb sa-a--- nan yon sans---di’n Magrit te gen yon aktivite li mennen chak jou: Ale nan mache. Kit se mache li mache pou l' ale nan mache, Magrit te oblije desann Mache Anba, Mache Salomon ou Kwa-Bossal pou l' al achte manje pou chodyè ka monte.

*Si nou vle koute rès kozman an klike sou lïy anlè tèks sa a.

XS
SM
MD
LG