Pandan opozisyon an ap lanse apèl epi òganize manifestasyon nan lari pou reklame demisyon prezidan Aristide, chèf deta a deklare li pap wete ata yon jou sou manda 5 an li a. Msye Aristide te pale konsa nan vil Gran Gwav ke li te vizite nan weekend nan. Korespondan nou Montigène Sincère gen detay.