Accessibility links

Breaking News

Apèl Telefonik Sou Entènèt (dezyèm pati) - 2003-10-06


N’ ap kontinye trete sijè sa a ---apèl telefonik sou òdinatè, sou “computer”--- avèk menm envite nou te kòmanse l’ la, Peter Meyers, ki nan New York, e ki abitye ekri atik sou Syans ak Teknoloji. Nan yon premye segman, msye Meyers te eksplike sa sèvis telefòn sou Entènèt ye, kouman li fonksyone, jan l’ te derape e pwogrese nan ane ki sot’ pase yo. Jodi a nou pral wè, antwòt, ki fason pratik yon moun kapab itilize òdinatè pou li telefòne lòt moun.

Toudabò, nou ta dwe raple yon eleman enpòtan: gras ak devlòpman ki fèt nan domèn teknoloji a, gras ak sa nou rele “broadband”, ou “bande passante” (ki vle di koneksyon pèmanan a grand vitès sou rezo Entènèt la) mesaj n’ ap transmèt sou òdinatè nou pase pi vit e pi byen, vwa nou sonnen pi klè e sa lakòz popilarite sèvis sa a (n’ ap pale de apèl telefonik sou “computer”) vin ogmante.

Peter Meyers di, “alaverite, gen 2 fason nou kapab plase apèl sou Entènèt la. Youn ladan yo se fason nou abitye fè l’ la ---e anpil moun toujou kontinye fè l’ menm jan an--- se sèvi ak yon telefòn ki gen bon kalite (oswa yon telefòn bon mache tou, pouki pa?), epi nèk ploge li nan òdinatè a, ouvè yon pwogram ki pèmèt nou fè kout telefòn (Dialpad, pa egzanp) epi, vwala! nou konekte! Dezyèm fason an ---e nou ta di se fason ki pi popilè a paske li sanble ak jan tout moun abitye rele nan telefòn ---se achte yon telefòn ki fèt espesyalman pou Entènèt, ki ploge nan yon koneksyon grand vitès m’ t’ap pale w’ la, epi ou senpman konpoze nimewo ou vle rele a sou telefòn sa a, tankou ou t’ ap fè l’ sou yon telefòn nòmal.

Paj Syans ak Teknoloji a ap tann nouvèl nou. Nou gen dwa ekri mwen-menm Chérubin Dorcil sou Sit Web sèvis kreyòl la, voanews.com/creole, oubyen pa-lapòs nan 330 Independence Ave, Washington, DC 20237, USA.

XS
SM
MD
LG