Nan peyi Dayiti, popilasyon vil Gonayiv (nan Depatman Latibonit la) te kontinye pran lari nan fen semèn nan pou pwoteste kont lanmò Amiot Métayer, alyas Kiben. Amiot Métayer te lidè Lame Kanibal--- yon òganizasyon popilè pwòch pouvwa an plas la. Dènye pwotestasyon yo koze yon mò ak plizyè blese. Korespondan nou Duc Jonathan Joseph di nou pi fò blese yo rive lè lapolis t’ap repouse yon gwoup ki te vle mache pran komisarya vil la.