Ouragan Isabel responsab lanmò 13 moun pou pipiti epi li lage anviwon 3 milyon abitan rejyon lès Etazini nan blackout, anvan li pèdi fòs pou li tounen yon tanpèt twopikal.
Isabel te pote gwo van ki rache pye bwa ak fil kouran. Poko gen yon chif ofisyèl pou dega materyèl ki fèt sou kot Ès la, akòz siklòn nan.
Prezidan Bush deklare eta Kawolin di Nò ak Vijini kòm zòn sinistre, yon desizyon ki louvri wout la pou leta federal la debloke fon pou efò netwayaj ak rekonstruksyon nan zòn sa yo.
Koute repòtaj nou an pou plis detay.