Accessibility links

Breaking News

Rejyon Es Etazini Ap Pare l' Pou Siklòn Isabel - 2003-09-18


Plizyè dizèn milye moun ki abite sou kòt Ès Etazini ap chache pwoteje tèt yo ak byen yo nan moman sikòn Isabel ap pwoche sou lakòt eta Kawolin di Nò. Otorite yo pibliye yon avètisman kont Ouragan ak tanpèt tropikal soti nan Kawolin di Sid pou rive nan New Jersey.

Dapre ekspè yo, Isabel kapab pran direksyon Nò pou l’ rive nan zòn lwès eta Pennsilvani, bò finisman jounen vandredi a. Siklòn nan gen van k’ap soufle jiska 170 kilomèt alè e li kapab lage jiska 25 santimèt lapli nan kèk zòn.

5 eta, ak kapital federal Etazini an, Washington DC, dekrete yon eta durjans. Biwo federal yo fèmen pòt yo jodi a e Prezidan Bush anile pifò aktivite li te genyen pou jounen an, eksepte yon rankont ak Wa Abdullah, ki se lidè peyi Jòdani.

XS
SM
MD
LG