Gen kèk tan depi nou menm nan VOA n’ap mete aksan sou enpòtans fòmasyon teknolojik, kidonk pou moun aprann konprann e sèvi ak zouti tankou “computer” (òdinatè) pa egzanp. Nou te pale ak responsab yon antrepriz ki rele Washington Academy, ki gen baz li nan kapital federal Lèzetazini an, Washington DC. Lekòl sa a vle ede ayisyen ak moun lòt nasyonalite nan rejyon Karayib la apwofondi konesans yo nan enfòmatik. Poutèt sa, li lanse yon pwojè nan tèt ansanm ak youn nan inivèsite ki gen plis prestij pa bò isit, George Washington University. Marc Edouard Métellus, youn nan dirijan Washington Academy se envite Syans-ak-Teknoloji, pou edisyon 8 septanm 2003 a.