Accessibility links

Breaking News

Paj Relijyon: Mizilman Ozetazini Ap Defann Dwa Sivik yo - 2003-09-05


Lidè mizilman Ozetazini yo anonse plan yo genyen pou yo lanse kesyon dwa sivik tankou youn nan eleman pi enpòtan pou yo, lè y’ap bay yon kandida apui yo nan arèn politik la. Poukisa? Anpati se akòz sa yo konsidere kòm yon tretman ki pa nòmal, ki pa jis, mizilman ameriken yo ap sibi depi atak teroris septanm 2001 yo nan New York ak Washington.

Legliz pa nan politik se vre, men se moun ki fòme legliz e se politik la kap jere lavi moun nan katye yo, nan vil yo, depatman yo, e nan tout peyi a. Donk lidè relijye sa yo vle chache egzèse enfliyans yo nan arèn politik la, san yo pa trayi sa yo kwè. Dirijan mizilman tankou Nihad Awad panse si yo ranfòse vwa, si yo kore pozisyon fidèl parèy yo sou sèn politik la, se yon bon fason pou yo pwoteje dwa yo, sitou apre evènman trajik 11 septanm 2001 yo. Msye Awad ap dirije Konsèy pou Relasyon Amerikano-Islamik yo, yon gwoup dwa sivik ki gen baz li isit Washington.

Li di, “Se pa yon sekrè pou pèsonn, dwa sivik mizilman ameriken ak arab ameriken yo pran anpil move kou apre 11 septanm. Rapò nou resevwa demontre gen yon ogmantasyon 64-pousan ka vyolasyon dwa sa-yo, konparativman ak ane anvan yo. Pakonsekan, tèm dwa sivik la trè z enpòtan pou kominote sa yo paske yo santi si a gen libète ekspresyon, si idantite yo pa pwoteje, yo pa kapab fonksyone nan sosyete a tankou sitwayen total, tankou yon segman nan sosye a ki merite e ki jwenn respè tout moun.”

Youn nan kesyon analis domèn relijyon ak domèn politik Ozetazini ap poze se, èske ak sèlman mwens ke 6 milyon moun, popilasyon islamik amerikèn nan ap rive fè deziderata li pase vre? Msye Awad di gwoup minoritè yo kòmanse wè konsekans patisipasyon yo nan vi politik la.

Li panse minorite yo gen yon wòl enpòtan pou yo jwe nan zafè eleksyon, sitou lè w’ sonje nan eleksyon 2000 yo se apèn 500 e kèk vwa ki te separe venkè a, George W. Bush, ak pèdan an, Albert Gore. Nan tan pase, mizilman nan peyi isit te toujou fikse atansyon yo sou politik etranjè lè y’ap chwazi pou ki kandida yo dwe vote. Nihad Awad rekonèt sa, men li di pwoblèm lokla ak nasyonal, ekonomi an, dwa sitwayen yo, pwoteksyon gwoup relijye yo ak minorite yo, pi wo kounye a sou lis priyorite yo.

Li deklare: nou pa yon kominote ki santre sèlman sou yon grenn tèm. Nou gen divès kesyon, divès tèm ki enterese nou e lè, ansanm, n’ap deside pou kilès majorite mizilman yo pral vote, m’kwè politik etranjè ap la, men se pap sa sèlman. Lidè Konsèy sou Relasyon Amerikano-Islamik yo ankouraje tout fidèl nan relijyon n nan pou yo egzèse dwa sitwayen yo e vote nan pwochen eleksyon yo, ou menm poze kandidati yo kote sa posib. Se angajman onèt sa a li kwè k’ap ede yo fè chanjman nan sistèm nan olye y’ap tann zòt fè pou yo.

XS
SM
MD
LG