Gouvènman Lavalas la bay premye reyaksyon ofisyèl li sou ensidan ki te rive nan Léogàn weekend pase a kote yon prèt Katolik te agrese 2 jounalis epi kwape yo nan yon seremoni ki t'ap dewoule an prezans prezidan Repiblik-la. Pandansetan, korespondan nou Jn-Max Blanc di nou alatèt Legliz Katolik nan Pòtoprens pran distans yo ak konpòtman Pè a, yo kritike l’, e yo prezante eskiz bay jounalis yo.