Nan peyi dAyiti, yon lidè Legliz Katolik reyaji aprè Pè ki responsab legliz Lewogàn nan te fè mete deyò nan legliz sa a 2 jounalis ki t’ap asiste yon seremoni. Korespondan nou nan Pòtoprens, Jean-Max Blanc, di nou Vis-Prezidan Konferans Episkopal la panse ensidan sa a, ki te dewoule an prezans Prezidan Jean-Bertrand Aristide, montre nesesite pou ta genyen yon mouvman pou tabli yon rekonsilyasyon ant Dirijan Katolik yo ak Laprès.