Yon ti avyon 2 motè (yon bi-motè) sot tonbe nan yon chan kann nan rejyon Nò Ayiti: 19 pasaje ak 2 manm ekipaj pèdi lavi yo. Korespondan nou Yves Mompremier di nou temwen te tande yon eksplozyon lè aparèy la tonbe a e kèk nan yo fè konnen yo te wè yon pòt li ouvè. Otorite yo louvri yon ankèt.